{"id":3496,"date":"2022-01-13T19:18:31","date_gmt":"2022-01-13T19:18:31","guid":{"rendered":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/2022\/01\/13\/6-pasos-para-identificar-publicaciones-falsas-en-redes-sociales\/"},"modified":"2022-04-13T17:48:29","modified_gmt":"2022-04-13T17:48:29","slug":"6-etap-k-ap-pemet-ou-idantifye-fo-piblikasyon-sou-rezo-sosyal-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/2022\/01\/13\/6-etap-k-ap-pemet-ou-idantifye-fo-piblikasyon-sou-rezo-sosyal-yo\/","title":{"rendered":"6 etap k ap p\u00e8m\u00e8t ou idantifye fo piblikasyon sou rezo sosyal yo"},"content":{"rendered":"\n<p>Move enf\u00f2masyon se yon zam envizib ki mete lavi ak sekirite moun an danje, pafwa piblikasyon yo f\u00e8 sou rezo sosyal yo nou kouri pataje ak l\u00f2t moun otomatikman yo, san nou pa verifye yo, oubyen san nou pa ch\u00e8che konnen si nou ka f\u00e8 yo konfyans, se yon seri manti k ap f\u00e8 fo pwom\u00e8s pou twonpe moun, epi menm kidnape yo, pou f\u00e8 yo tonbe nan rezo bandi k ap f\u00e8 trafik moun. Dapr\u00e8 yon rap\u00f2, nan ane 2021 an, moun k ap f\u00e8 trafik moun yo te itilize rezo sosyal yo k\u00f2m mwayen prensipal pou pran plis viktim, e se imigran yo plis ap ch\u00e8che.<\/p>\n\n\n\n<p>Se pout\u00e8t sa, sem\u00e8n sa a, n ap prezante w yon seri etap k ap ede w pou w pa ni kw\u00e8 ni pataje tout nouv\u00e8l oswa piblikasyon yo voye pou ou, konsa w ap aprann rekon\u00e8t fo enf\u00f2masyon yo e w ap sispann pataje yo.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>1. Pa pataje mesaj ou pa konn sous yo.<\/strong> <strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Mesaj, odyo, videyo oswa imaj ou pa konn sous yo.<strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>L\u00e8 nou w\u00e8 yon piblikasyon nou renmen, ki f\u00e8 sans pou nou, oubyen nou panse ki enp\u00f2tan, premye bagay nou anvi f\u00e8 se pataje l. Pran anpil prekosyon ak enf\u00f2masyon ou pa konn sous yo, an jeneral, nou pa pran tan pou n ch\u00e8che konnen si nou ka f\u00e8 yo konfyans, nou pa menm konnen ki moun ki d\u00e8y\u00e8 piblikasyon sa yo e n pa konn entansyon yo. L\u00e8 w sispann pataje yo, ou pa jis pwoteje t\u00e8t ou kont fwod, ou pwoteje moun ou renmen tou.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>2. Pran enf\u00f2masyon nan sous ou ka f\u00e8 konfyans.<\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Si pandan jounen an, ou pa gen tan pou w ch\u00e8che plis enf\u00f2masyon sou sous la (moun oswa paj w\u00e8b ki pibliye atik la), jis pataje nouv\u00e8l ak piblikasyon ki soti nan sous ou konnen, sous ki fyab tankou jounal, sit Ent\u00e8n\u00e8t, jounalis ak moun ki gen eksperyans sou sij\u00e8 a. Ou ka f\u00e8 rech\u00e8ch sou non ot\u00e8 a oswa non sit Ent\u00e8n\u00e8t la nan nenp\u00f2t mot\u00e8 rech\u00e8ch, epi verifye enf\u00f2masyon ou jwenn nan.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>3. Verifye ki moun ki pibliye enf\u00f2masyon ou jwenn nan. <\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Si enf\u00f2masyon an pa gen okenn sous, gen gwo chans pou se yon fo enf\u00f2masyon. Gen anpil videyo k ap sikile nan rezo sosyal yo ki montre moun k ap bay enf\u00f2masyon, men yo pa janm bay sous enf\u00f2masyon yo.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>4. Li tout n\u00f2t la, pa s\u00e8lman tit la.<\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Anpil fwa, tit la se jis pou atire lekt\u00e8 a, men se pa pou ba l enf\u00f2masyon. Verifye tout enf\u00f2masyon an.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>5. Verifye dat piblikasyon an<\/strong>. <strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Gen k\u00e8k paj ki pibliye enf\u00f2masyon ki te par\u00e8t nan ane ki pase yo, men yo veye pou enf\u00f2masyon sa yo byen mache ak sitiyasyon n ap viv kounye a, s\u00e8lman pou plis moun ka vizite paj yo oswa suiv yo; se sa k f\u00e8 w dwe verifye ke sous la fyab e dat la resan.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>6. Konpare enf\u00f2masyon an ak l\u00f2t sous enf\u00f2masyon<\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Si nouv\u00e8l ou te w\u00e8 a pa sot nan yon sous ki fyab, li pa gen dat, e se yon s\u00e8l medya ki pataje l, gen anpil chans pou enf\u00f2masyon sa a fo. Anvan ou kontinye epi w pataje l, ch\u00e8che nan l\u00f2t sous. Pa ni kw\u00e8 ni pataje rim\u00e8.<\/p>\n\n\n\n<p>Sonje se pa tout sa ou jwenn sou Ent\u00e8n\u00e8t ki verite. Evite pataje piblikasyon ou pa verifye, oubyen ou pa konn rezon ki f\u00e8 yo pibliye l.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-center\"><strong>Ann met ansanm pou n konbat fo enf\u00f2masyon.<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Tout enf\u00f2masyon ou jwenn nan n\u00f2t sa a soti nan dokiman ak rap\u00f2 Ajans Nasyonzini yo, UNODC ak UNESCO pibliye. Pou w ka jwenn plis enf\u00f2masyon, nou pataje lyen sa yo av\u00e8 w k\u00f2m referans.<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\"><li><strong>UNESCO<\/strong>, \u00bfC\u00f3mo frenar la desinformaci\u00f3n?:&nbsp;<a rel=\"noreferrer noopener\" href=\"https:\/\/youtu.be\/1G7ZP_oevuc\" target=\"_blank\">https:\/\/youtu.be\/1G7ZP_oevuc<\/a><\/li><li><strong>UNODC<\/strong>, Tr\u00e1fico il\u00edcito de personas en redes sociales:<ul><li><a rel=\"noreferrer noopener\" href=\"https:\/\/www.unodc.org\/documents\/human-trafficking\/2021\/The_effects_of_the_COVID-19_pandemic_on_trafficking_in_persons.pdf\" target=\"_blank\">https:\/\/www.unodc.org\/documents\/human-trafficking\/2021\/The_effects_of_the_COVID-19_pandemic_on_trafficking_in_persons.pdf<\/a><\/li><li><a rel=\"noreferrer noopener\" href=\"https:\/\/news.un.org\/es\/story\/2021\/07\/1494092\" target=\"_blank\">https:\/\/news.un.org\/es\/story\/2021\/07\/1494092<\/a><\/li><\/ul><\/li><\/ul>\n\n\n\n<p><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Move enf\u00f2masyon se yon zam envizib ki mete lavi ak sekirite moun an danje, pafwa piblikasyon yo f\u00e8 sou rezo sosyal yo nou kouri pataje ak l\u00f2t moun otomatikman yo, san nou pa verifye yo, oubyen san nou pa ch\u00e8che konnen si nou ka f\u00e8 yo konfyans, se yon seri manti k ap f\u00e8 fo [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":243,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"_acf_changed":false,"footnotes":""},"categories":[6],"tags":[],"class_list":["post-3496","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-uncategorized-ht"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/3496","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/243"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=3496"}],"version-history":[{"count":3,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/3496\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":3848,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/3496\/revisions\/3848"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=3496"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=3496"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=3496"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}