{"id":5561,"date":"2024-05-15T16:31:32","date_gmt":"2024-05-15T16:31:32","guid":{"rendered":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/acuerdo-de-usuario-del-servicio-de-whatsapp-de-unhcr-mexico\/"},"modified":"2024-06-13T17:20:23","modified_gmt":"2024-06-13T17:20:23","slug":"acuerdo-de-usuario-del-servicio-de-whatsapp-de-unhcr-mexico","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/acuerdo-de-usuario-del-servicio-de-whatsapp-de-unhcr-mexico\/","title":{"rendered":"Ak\u00f2 itilizat\u00e8 s\u00e8vis WhatsApp HCR M\u00e9xico"},"content":{"rendered":"\n<p>Tanpri, li deklarasyon konfidansyalite a e t\u00e8m ak kondisyon jeneral ki rije s\u00e8vis WhatsApp ACNUR la M\u00e9xico. Voye mesaj nan s\u00e8vis sa a konfime ke ou konprann e ou aksepte kondisyon sa yo. Espesifikman, l\u00e8 w ent\u00e8raje pou `premye fwa a ak s\u00e8vis la, y ap mande w pou w aksepte ak\u00f2 itilizat\u00e8 sa\u00a0 e t\u00e8m ak kondisyon ki vini av\u00e8 l, e l\u00e8 w konfime ke ou dak\u00f2 l\u00e8 yo mande w pou w f\u00e8 sa atrav\u00e8 ent\u00e8fas WhatsApp la, w ap antre nan yon ak\u00f2 legal ki lye ak ACNUR<\/p>\n\n\n\n<p><strong>Deklarasyon konfidansyalite<\/strong><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"1\">\n<li><strong>Enf\u00f2masyon P\u00e8son\u00e8l<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>L\u00e8 w ent\u00e8raji av\u00e8k s\u00e8vis WhatsApp ACNUR la M\u00e9xico, ou dak\u00f2 bay ACNUR k\u00e8k enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l neses\u00e8 pou ke aplikasyon an ka fonksyone e pou l ka reponn a mesaj e kesyon ou yo. \u00a0Tout asp\u00e8 prestasyon s\u00e8vis la reyalize an ak\u00f2 a politik pwoteksyon enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l moun ACNUR ap s\u00e8vi yo <a href=\"https:\/\/www.refworld.org\/pdfid\/55643c1d4.pdf\">(Pol\u00edtica de Protecci\u00f3n de Datos de ACNUR).<\/a> \u00a0Ou ka retire konsantman o upo ke ACNUR kapab itilize enf\u00f2masyon ou yo nan nenp\u00f2t moman. Ou ka sispan itilize s\u00e8vis la tou e mande pou yo elimine tout enf\u00f2masyon ou yo.<\/p>\n\n\n\n<p><br>Done w yo ap trete pa HCR ak konpayi Twilio e Ciptex, ki asire jesyon s\u00e8vis sa a. Mesaj yo ap estoke an sekirite atrav\u00e8 HCR e Ciptex ki se konpayi ki bay sip\u00f2 teknik ak antretyen pou platf\u00f2m nan ap ka w\u00e8 yo. Pwiske nou itilize chan\u00e8l WhatsApp pou s\u00e8vis la, WhatsApp ap kaptire s\u00e8ten done tou, byenke ki pa espesifik pou s\u00e8vis sa a, selon <a href=\"https:\/\/www.whatsapp.com\/legal\/\">t\u00e8m ak kondisyon jeneral.<\/a> li yo. Se done sa yo ke y ap kolekte, estoke epi pataje:<\/p>\n\n\n\n<figure class=\"wp-block-table\"><table><tbody><tr><td><strong>Tip de Done<\/strong><strong><\/strong><\/td><td><strong>K\u00f2man y ap kolekte done ou yo <\/strong><strong><\/strong><\/td><td><strong>A kiy\u00e8s y ap pataje yo<\/strong><strong><\/strong><\/td><\/tr><tr><td>Nimewo telef\u00f2n<\/td><td>Y ap kaptire otomatikman de pwofil itilizat\u00e8 a<\/td><td>WhatsApp, Twilio, ACNUR, Ciptex<\/td><\/tr><tr><td>Non pwofil<\/td><td>Y ap kaptire otomatikman de pwofil itilizat\u00e8 a<\/td><td>WhatsApp, Twilio<\/td><\/tr><tr><td>Metadone sou koneksyon ou (IMEI, direcci\u00f3n MAC, direcci\u00f3n IP)<\/td><td>Yo anrejistre otomatikman depi dispozitif mobil la ak koneksyon ke itilizat\u00e8 a itilize a. &nbsp;<\/td><td>WhatsApp, Twilio<\/td><\/tr><tr><td>Kontni mesaj la<\/td><td>Enf\u00f2masyon espesifik ke itilizat\u00e8 a voye ki tankou foto, videyo ak achiv odyo<\/td><td>ACNUR, Ciptex<\/td><\/tr><\/tbody><\/table><\/figure>\n\n\n\n<p>Done yo kaptire otomatikman pa diferan eleman s\u00e8vis la epi yo pa bezwen f\u00e8 anyen pou pataje yo. Gen de l\u00f2t done ki ka transm\u00e8t sou WhatsApp tou depan de konfigirasyon \u00a0espesifik kont ou a ak param\u00e8t apar\u00e8y ki genyen aplikasyon WhatsApp la, byenke li pa lye okenn fason ak S\u00e8vis WhatsApp UNHCR M\u00e9xico. Konsilte kloz 7 la pou w ka genyen enf\u00f2masyon sou pou konbyen tan done ou yo ap estoke.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"2\">\n<li><strong>Poukisa ACNUR rekolekte epi itilize done ou yo<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Sou konsantman w, ACNUR, antanke kontwol\u00e8 done, ap itilize done p\u00e8son\u00e8l ou yo s\u00e8lman nan objektif ki endike nan tablo ki anba a, nan ka sa ta neses\u00e8 pou prestasyon s\u00e8vis la.<\/p>\n\n\n\n<figure class=\"wp-block-table\"><table><tbody><tr><td><strong>Tip de done<\/strong><strong><\/strong><\/td><td><strong>Poukisa nou bezwen genyen aks\u00e8 a done ou yo<\/strong> <strong>&nbsp;<\/strong><\/td><\/tr><tr><td>Nimewo telef\u00f3n ak non pwofil<\/td><td>Pou n ka rete an kontak di\u00e8k av\u00e8 w sou kesyon ou yo, n ap pataje enf\u00f2masyon de kontak ou yo a founis\u00e8 s\u00e8vis ki enp\u00f2tan yo oswa l\u00f2t ekip ki anndan ACNUR, l\u00e8 sa neses\u00e8, pou n ka p\u00e8m\u00e8t yon repons adekwa. &nbsp;<\/td><\/tr><tr><td>Kontni mesaj yo<\/td><td>Pou n ka ba ou bon jan enf\u00f2masyon ak s\u00e8vis \u00e8d selon demand ou atrav\u00e8 s\u00e8vis WhatsApp ACNUR M\u00e9xico.<\/td><\/tr><\/tbody><\/table><\/figure>\n\n\n\n<p>Patn\u00e8 teknolojik ACNUR la, Twilio, ki f\u00e8 tretman done yo, ap gen aks\u00e8 e trete menm done sa yo nan objektif pou ede ACNUR bay yon s\u00e8vis efikas a atrav\u00e8 platf\u00f2m li a. Sa enplike redireksyonman mesaj itilizat\u00e8 yo v\u00e8 ACNUR e vise v\u00e8sa, ak otomatizasyon livrezon mesaj ki baze sou kontni mesaj ke nou resevwa.<\/p>\n\n\n\n<p>Anplis de sa, ACNUR ak Twilio ap kolekte done anonim (sa vle di, done ki itilize yon fason pou ke p\u00e8sonn pa ka lye yo ak idantite w) sou itilizasyon s\u00e8vis la. Done sa yo pral itilize pou revize ak amelyore p\u00e8f\u00f2mans aplikasyon an.<\/p>\n\n\n\n<p>Nou pap vann enf\u00f2masyon ou yo epi ACNUR ak patn\u00e8 teknolojik li yo pap itilize yo non plis pou okenn l\u00f2t rezon ke sa ki mansyone nan paragraf pi wo yo, ni nou p ap pataje yo a l\u00f2t moun san konsantman w.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"3\">\n<li><strong>Sekirite done ou yo<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>ACNUR ak patn\u00e8 teknolojik li yo, Twilio ak Ciptex, ap kenbe enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l ou yo an sekirite epi konfidansy\u00e8l, tankou itilizasyon chifre WhatsApp la ak enrejistreman nan tout sekirite nan nyaj prive ACNUR. Antanke yon \u00f2ganizasyon ent\u00e8nasyonal, ACNUR benefisye privil\u00e8j ak iminite ki ede l pwoteje done ou yo pou ke gouv\u00e8nman oswa l\u00f2t enstans kip a otorize pa genyen aks\u00e8 ak yo.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"4\">\n<li><strong>Konfidansyalite done ou yo<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>ACNUR genyen r\u00e8g ki strik ki p\u00e8m\u00e8t ke li kenbe done li kolekte nan men ou yo konfidansy\u00e8l epi an tout sekirite, pou asire l ke moun ki pa otorize pa gen aks\u00e8 ak yo dapr\u00e8 Politik Pwoteksyon Done ACNUR. Se s\u00e8l Anplwaye ACNUR k ap travay espesyalman nan S\u00e8vis WhatsApp ACNUR nan M\u00e9xico k ap w\u00e8 done ou yo pou yo ka reponn kesyon w yo oubyen pou yo ka asire yo ke repons otomatik yo ap fonksyone k\u00f2r\u00e8kteman. <strong>Anplis de sa, anplwaye k ap travay nan sip\u00f2 ak antretyen teknolojik founis\u00e8 ACNUR la, Ciptex<\/strong>, ap respekte tou r\u00e8g pou kenbe enf\u00f2masyon ou yo konfidansy\u00e8l epi an tout sekirite.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"5\">\n<li><strong>Pataje done ou yo<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>UNHCR p ap pataje enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l ou yo ak l\u00f2t moun (sof WhatsApp, Twilio ak Ciptex, jan sa mansyone nan kloz 1 pi wo a) san yo pa mande w konsantman w. Pou s\u00e8vis la ke fonksyone,n ap voye done ou yo sou WhatsApp epi Twilio ap trete yo &nbsp;l\u00e8 ou ent\u00e8raji av\u00e8k s\u00e8vis la, men yo p ap w\u00e8 kontni mesaj yo. Se s\u00e8l anplwaye ACNUR yo k ap opere s\u00e8vis la k ap w\u00e8 kontni mesaj la. <strong>Patn\u00e8 founis\u00e8 sip\u00f2 ak antretyen ACNUR yo ap gen aks\u00e8 a kontni mesaj yo tou pou yo ka bay epi kenbe s\u00e8vis WhatsApp la. <\/strong>Si li neses\u00e8 pou nou pataje done ou yo a patn\u00e8 ACNUR yo pou yo ka f\u00e8 swivi kesyon ou yo oubyen ka ou yo, n ap mande w konsantman w anvan.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"6\">\n<li><strong>Pataje done pou evite domaj, bay enf\u00f2masyon sou moun ki dispar\u00e8t oswa respekte dwa ent\u00e8nasyonal<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>ACNUR ka prez\u00e8ve enf\u00f2masyon ou yo epi pataje yo a l\u00f2t moun si \u00f2ganizasyon an kw\u00e8 tout bon ke li neses\u00e8 pou l f\u00e8 sa pou evite lanm\u00f2 oswa blesi k\u00f2por\u00e8l imedyat pou ou oswa pou l\u00f2t moun, ede lokalize refijye oswa l\u00f2t moun ke yo f\u00f2se deplase ke yo te rap\u00f2te k\u00f2m dispar\u00e8t, oswa anpeche vyolasyon lwa ent\u00e8nasyonal yo.<\/p>\n\n\n\n<p>     <strong>7.<\/strong> <strong>Anile s\u00e8vis la epi elimine done ou yo<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Ou ka chwazi sispann itilize s\u00e8vis la nenp\u00f2t ki l\u00e8 epi mande pou yo efase done ou yo sou sist\u00e8m acnur la. Pou w sispann itilize s\u00e8vis la, tou senpleman voye mesaj &#8220;UNSUBSCRIBE&#8221; a s\u00e8vis la pou w ka sispann resevwa mesaj. Pou w mande pou efase done ou yo ak ent\u00e8raksyon ou yo, voye mo &#8220;EFASE&#8221; a s\u00e8vis la epi y ap mande w konfime ke ou pa vle itilize s\u00e8vis la ank\u00f2 epi efase done ou yo sou platf\u00f2m la, ak tout mesaj ke ou te echanj ak ACNUR. Sa ka pran jiska 10 jou pou nou trete demann la epi efase done ou yo, men n ap eseye f\u00e8 sa pi vit posib.<\/p>\n\n\n\n<p>Done ou yo pral estoke pou yon pery\u00f2d maksim\u00f2m de 365 jou apati de d\u00e8nye ent\u00e8raksyon an ak s\u00e8vis la, apre sa y ap efase; sof done anonim ke ACNUR ak Twilio te itilize pou yo te ka evalye s\u00e8vis la. Si ou ta vle itilize s\u00e8vis la on l\u00f2t fwa ank\u00f2 apr\u00e8 ou te chwazi soti epi mande efase done ou yo, ou ka kontakte s\u00e8vis la ank\u00f2 epi bay konsantman renouvle w tankou premye fwa l\u00e8 ou te itilize l la.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"8\">\n<li><strong>F\u00e8 demann done ou yo<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Si w ta vle konnen ki done p\u00e8son\u00e8l ACNUR kolekte sou ou nan kad s\u00e8vis sa a, ou ka mande ACNUR pou l pataje yo av\u00e8k ou nenp\u00f2t ki l\u00e8 atrav\u00e8 S\u00e8vis WhatsApp la pandan w ap voye yon im\u00e8l nan <a href=\"mailto:dencodigitalaap@unhcr.org\">dencodigitalaap@unhcr.org<\/a>.<\/p>\n\n\n\n<p>    <strong>9. Soulve enkyetid<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>ACNUR pran angajman pou l travay av\u00e8k ou pou jwenn yon rezolisyon ekitab sou enkyetid ou genyen sou itilizasyon s\u00e8vis ou a, ak enkyetid kons\u00e8nan vi prive ou. Si ou santi ke nou pa kapab ede w nan enkyetid ou yo atrav\u00e8 chan\u00e8l kominikasyon ki etabli nan kloz 8 pi wo a, oswa si ou genyen nenp\u00f2t l\u00f2t plent, k\u00f2mant\u00e8 oswa enkyetid, ou gen dwa depoze yon plent nan kad mekanis plent ent\u00e8n nou an. mekanis. Pou w ka genyen enf\u00f2masyon sou mekanis sa a, tanpri vizite <a href=\"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/\">https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/<\/a><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"10\">\n<li><strong>Notifikasyon chanjman<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>ACNUR gen dwa pou chanje Politik konfidansyalite sa a a nenp\u00f2t moman. Chak fwa yo f\u00e8 chanjman, y ap f\u00e8 w konnen epi w dwe aksepte nouvo kondisyon yo pou w ka kontinye itilize s\u00e8vis la.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>T\u00e8m ak Kondisyon Jeneral yo<\/strong><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\">\n<li><strong>Itilizasyon s\u00e8vis Whatsapp ACNUR M\u00e9xico<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>L\u00e8 w itilize S\u00e8vis WhatsApp ACNUR nan <strong>M\u00e9xico<\/strong>, ou dak\u00f2 ak gid sa yo e Kondisyon S\u00e8vis WhatsApp ki egziste deja yo:<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li><strong>Pa<\/strong>\u00a0bay fo enf\u00f2masyon sou relasyon w av\u00e8k on l\u00f2t itilizat\u00e8.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Pa<\/strong> pataje enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l ou ni pa l\u00f2t moun sof si yo mande w f\u00e8 sa.<\/li>\n\n\n\n<li>L\u00e8 operat\u00e8 chat yo mande w enf\u00f2masyon pou yo ka det\u00e8mine ki s\u00e8vis ki disponib pou ou, si w deside pataje enf\u00f2masyon sa a, tanpri asire w ke ou bay li pi ekzat posib.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Pa<\/strong> itilize langaj obs\u00e8n, diskriminatwa oswa abizif av\u00e8k operat\u00e8 chat yo.<\/li>\n\n\n\n<li>Ou <strong>pa<\/strong> ka vann enf\u00f2masyon ke ou jwenn nan s\u00e8vis la a l\u00f2t moun ou pa ka touche nan men yo non plis si yo itilize enf\u00f2masyon sa a sou telef\u00f2n p\u00f2tab ou.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Pa<\/strong> itilize aplikasyon an pou w vyole dwa pwopriyete entelekty\u00e8l l\u00f2t moun oswa antite (tankou dwa dot\u00e8, konsepsyon, patant, mak kom\u00e8syal, konsepsyon ak enf\u00f2masyon konfidansy\u00e8l ki ka f\u00e8 pati kontni li).<\/li>\n\n\n\n<li>\u00a0<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Restriksyon aks\u00e8<\/strong><\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p>ACNUR gen dwa deside nan total diskresyon li: (a) pou l pa reponn itilizat\u00e8 s\u00e8vis la si yo abizif oswa si yo pa respekte responsablite ki mansyone pi wo yo, epi\/oswa (b) yo ka pa p\u00e8m\u00e8t ke itilizat\u00e8 yo pa genyen aks\u00e8 a s\u00e8vis la si s ata ka mete an danje nenp\u00f2t moun.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"3\">\n<li><strong>Kloz responsabilite<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>ACNUR f\u00e8 ef\u00f2 pou l asire l ke kontni li bay nan S\u00e8vis WhatsApp ACNUR la nan M\u00e9xico kapab pi egzat ke posib, men enf\u00f2masyon, sitou sa ki an rap\u00f2 ak chanjman ki gen rap\u00f2 ak COVID-19 la, chanje regily\u00e8man e sa ka koze yon ti reta nan mete ajou enf\u00f2masyon nan s\u00e8vis la. Anplis de sa, ACNUR pa an mezi pou bay enf\u00f2masyon ki gen rap\u00f2 ak yon l\u00f2t peyi diferan de peyi kote operasyon an ap dewoule a. Menm si ACNUR pa ka garanti ke pa gen er\u00e8 nan enf\u00f2masyon yo bay yo, li f\u00e8 ef\u00f2 pou korije nenp\u00f2t er\u00e8 ke yo detekte.Yo bay kontni aplikasyon an bay &#8220;jan l ye a&#8221;, san okenn garanti. ACNUR espesyalman pa bay okenn garanti kons\u00e8nan adekwasyon, kalite, rapidite, presizyon oswa entegrite enf\u00f2masyon ak s\u00e8vis yo ofri atrav\u00e8 aplikasyon an.<\/p>\n\n\n\n<p>Nan kad s\u00e8vis sa a, ACNUR pa andose responsabilite WhatsApp oswa nenp\u00f2t l\u00f2t aplikasyon mesajri l\u00f2t founis\u00e8. Itilizasyon s\u00e8vis la pa vle di ke itilizat\u00e8 a gen garanti aks\u00e8 a enf\u00f2masyon oswa a s\u00e8vis espesifik.<\/p>\n\n\n\n<p>Itilizasyon deziyasyon patikilye peyi oswa teritwa pa enplike okenn jijman b\u00f2 kote ACNUR kons\u00e8nan estati legal peyi oswa teritwa sa yo, otorite ak enstitisyon yo, oswa delimitasyon fwonty\u00e8 yo.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"4\">\n<li><strong>Enf\u00f2masyon ki pa s\u00f2ti b\u00f2 kote ACNUR<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>S\u00e8vis la ka voye w sou enf\u00f2masyon ki soti b\u00f2 kote founis\u00e8 s\u00e8vis la oswa akt\u00e8 ekst\u00e8n a ACNUR, tankou founis\u00e8 kontni, l\u00f2t antite ki bay enf\u00f2masyon sou Aplikasyon an, nenp\u00f2t itilizat\u00e8 Aplikasyon an oswa l\u00f2t moun oubyen antite. Anplis de sa, Genyen l\u00f2t akt\u00e8 ki ka bay enf\u00f2masyon sou ACNUR. ACNUR pa gen kontw\u00f2l enf\u00f2masyon ke akt\u00e8 ekst\u00e8n yo bay. Sa vle di ACNUR pa ka di si enf\u00f2masyon ekst\u00e8n sa yo egzat e \u00f2ganizasyon an pa kapab responsab de enf\u00f2masyon an oswa nenp\u00f2t rezilta, tankou p\u00e8t oswa domaj, ki soti nan li. ACNUR pa bay okenn garanti e li renonse espesyalman a nenp\u00f2t responsablite nenp\u00f2t ki nati pou nenp\u00f2t p\u00e8t oswa domaj ki koze an relasyon a itilizasyon s\u00e8vis sa yo.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" start=\"5\">\n<li><strong>Mezi Sekirite<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>ACNUR ap pran mezi teknik ak \u00f2ganizasyon\u00e8l apwopriye pou asire ke done ou yo an sekirite epi yo pa kapab voye oswa itilize pa akt\u00e8 ki pa genyen otorizasyon pou f\u00e8 sa, men li pa ka garanti yon sekirite konpl\u00e8 ak\u00f2z de risk ki prezan nan aplikasyon an zouti dijital yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Itilizasyon WhatsApp enplike tou ke s\u00e8ten done ak itilizasyon kaptire pa META, ki se m\u00e8t WhatsApp, k\u00e8lkeswa jan ou s\u00e8vi ak s\u00e8vis sa a. ACNUR pa ka responsab okenn pwobl\u00e8m oswa l\u00f2t itilizasyon done ou yo pa l\u00f2t antite, ni de l\u00f2t risk ki soti nan itilizasyon aplikasyon mobil l\u00f2t antite.<\/p>\n\n\n\n<p>&nbsp;&nbsp;&nbsp; <strong>6.<\/strong><strong> <\/strong><strong>Chanjman nan s\u00e8vis WhatsApp<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>ACNUR ap revize regily\u00e8man fason s\u00e8vis la fonksyone epi f\u00e8 chanjman pou amelyore li si sa posib. L\u00e8 w itilize s\u00e8vis la, ou bay ACNUR p\u00e8misyon pou l revize konv\u00e8sasyon ak angajman ak moun yo de fason anonim pou l ka det\u00e8mine ki chanjman oswa amelyorasyon ki neses\u00e8. Si yo f\u00e8 chanjman ki afekte ou, done p\u00e8son\u00e8l ou yo oswa nenp\u00f2t asp\u00e8 nan Ak\u00f2 sa a, ACNUR ap f\u00e8 w konnen chanjman sa yo. ACNUR ka nan obligasyon pou l chanje s\u00e8vis la selon resous ki disponib oswa chanjman nan sitiyasyon an san l pa av\u00e8ti w alavans, men y ap enf\u00f2me w de chanjman yo apr\u00e8.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>     7. <\/strong> <strong>Kontak<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Si w gen nenp\u00f2t kesyon oswa enkyetid kons\u00e8nan Ak\u00f2 Itilizat\u00e8 sa a, tanpri voye yon im\u00e8l nan dencodigitalaap@unhcr.org.<\/p>\n\n\n\n<p>Pou plis enf\u00f2masyon kontak ak moyen pou bay fidbak sou s\u00e8vis la, vizite help.unhcr.org\/{country}.<\/p>\n\n\n\n<p>    <strong>8. Pwopriyete ent\u00e8lekty\u00e8l<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>pou ACNUR yo ke yo bay atrav\u00e8 Aplikasyon an rete pwopriyete ACNUR, sof si yo endike sa otreman. Ou ka w\u00e8 telechaje ak enprime ekstr\u00e8 matery\u00e8l yo ak l\u00f2t enf\u00f2masyon ke yo bay sou aplikasyon pou s\u00e8lman itilizasyon p\u00e8son\u00e8l e non kom\u00e8syal, san w pa gen py\u00e8s dwa pou w vann, revann oswa kreye z\u00e8v a pati de yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Nenp\u00f2t itilizasyon ki pa pou rezon p\u00e8son\u00e8l, ki gen ladan l repwodiksyon oswa tradiksyon yon pati enp\u00f2tan nan matery\u00e8l pwopriyete ACNUR yo, mande pou w genyen yon otorizasyon ekri ACNUR.<\/p>\n\n\n\n<p>Anplis de sa, ACNUR gen dwa pou ch\u00e8che tout resous ki disponib pa lalwa pou nenp\u00f2t vyolasyon t\u00e8m ak kondisyon sa yo tankou nenp\u00f2t vyolasyon dwa ACNUR sou non ak anbl\u00e8m ACNUR ak dwa li an relasyon ak enf\u00f2masyon, z\u00e8v da, t\u00e8ks, videyo, odyo oswa imaj ki disponib atrav\u00e8 aplikasyon an.<\/p>\n\n\n\n<p>    <strong>9.<\/strong> <strong>Pwopriyete ent\u00e8lekty\u00e8l<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Non ak anbl\u00e8m ACNUR se pwopriyete eksklizif ACNUR. Yo pwoteje pa dwa ent\u00e8nasyonal. Itilizasyon san otorizasyon ent\u00e8di. Yo pa ka kopye yo oswa repwodwi sou okenn fason san otorizasyon ekri alavans ACNUR.<\/p>\n\n\n\n<p>   <strong> 10.<\/strong> <strong>Notifikasyon chanjman<\/strong><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\"><\/ol>\n\n\n\n<p>Kontni S\u00e8vis WhatsApp ACNUR la nan M\u00e9xico yo chwazi l selon pw\u00f2p krit\u00e8 ACNUR e an fonksyon de antyt\u00e8 diskresyon li a nenp\u00f2t ki l\u00e8, epi yo ka chanje san av\u00e8tisman. ACNUR gen dwa a nenp\u00f2t ki l\u00e8 pou chanje oswa sispann nenp\u00f2t asp\u00e8 oswa karakteristik nan s\u00e8vis enf\u00f2masyon WhatsApp ACNUR nan M\u00e9xico, tankou pami yo t\u00e8m ak kondisyon sa yo ak disponiblite yo.<\/p>\n\n\n\n<p>   <strong>11.\u00a0Estati espesyal ACNUR ak k\u00f2man soulve enkyetid<\/strong><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\"><\/ol>\n\n\n\n<p>ACNUR genyen yon estati espesyal antanke yon \u00f2ganizasyon ki anndan Nasyonzini e, nan sans sa a, li resevwa k\u00e8k pwoteksyon adisyon\u00e8l ki lye ak endepandans e netralite nan aktivite li yo, tankou s\u00e8vis enf\u00f2masyon WhatsApp ACNUR la nan M\u00e9xico. Se pout\u00e8t sa, anyen nan avi sa a oswa nan S\u00e8vis WhatsApp ACNUR la nan M\u00e9xico pa dwe konsidere k\u00f2m yon renons a nenp\u00f2t nan privil\u00e8j ak iminite ACNUR k\u00f2m pati entegral Nasyonzini an ak\u00f2 ak enstriman legal nasyonal e ent\u00e8nasyonal aplikab yo.<\/p>\n\n\n\n<p>    <strong>12.\u00a0Rezolisyon konfli<\/strong><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\"><\/ol>\n\n\n\n<p>Nenp\u00f2t dezak\u00f2 ki ta soulve akoz de Ak\u00f2 sa a e ki pa ka rezoud amikalman ap rezoud an ak\u00f2 ak pwosedi sa a:<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Dapre yon avi konsilyasyon kominike atrav\u00e8 yon mwayen rezonab pa yonn nan Pati yo a l\u00f2t Pati a, dezak\u00f2 a ap soum\u00e8t a konsilyasyon ki pa obligatwa ki f\u00e8t an ak\u00f2 ak R\u00e8g Konsilyasyon akty\u00e8l yo nan Komisyon Lwa Nasyonzini pou Dwa Kom\u00e8syal Ent\u00e8nasyonal (UNCITRAL), oswa dapr\u00e8 nenp\u00f2t l\u00f2t pwosedi ki siyen ant Pati yo pa ekri. Lang k ap itilize nan pwosedi konsilyasyon an se ap angl\u00e8, sof si yo ta mete yo dak\u00f2 yon l\u00f2t jan.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Si dezak\u00f2 sa a pa rezoud nan 60 jou apati de dat yo te bay avi konsilyasyon an pa yonn nan Pati a l\u00f2t Pati a, yo dwe soum\u00e8t diskisyon an a abitraj an ak\u00f2 ak R\u00e8g Abitraj UNCITRAL ki anvig\u00e8 yo. Tribinal abitral la ap konpoze de yon s\u00e8l abit epi lang pwosedi se ap angl\u00e8, sof si yo mete yo dak\u00f2 sou yon l\u00f2t lang. Lye abitraj la se ap Jen\u00e8v, kote ACNUR gen sy\u00e8j li. Pwosedi abitraj yo ap f\u00e8t a distans (pa egzanp, pa konferans telef\u00f2n oswa prezantasyon nekri) in fwa ke sa posib.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p>    <strong>13.<\/strong> <strong>Ent\u00e8ripsyon s\u00e8vis la<\/strong><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\"><\/ol>\n\n\n\n<p>ACNUR ka chanje oswa sispann S\u00e8vis WhatsApp la nenp\u00f2t ki l\u00e8 san av\u00e8tisman. ACNUR p ap responsab okenn enpak negatif oswa l\u00f2t rezilta ki soti nan chanjman sa yo oswa sispansyon s\u00e8vis la.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Tanpri, li deklarasyon konfidansyalite a e t\u00e8m ak kondisyon jeneral ki rije s\u00e8vis WhatsApp ACNUR la M\u00e9xico. Voye mesaj nan s\u00e8vis sa a konfime ke ou konprann e ou aksepte kondisyon sa yo. Espesifikman, l\u00e8 w ent\u00e8raje pou `premye fwa a ak s\u00e8vis la, y ap mande w pou w aksepte ak\u00f2 itilizat\u00e8 sa\u00a0 e [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":71,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","template":"","meta":{"_acf_changed":false,"footnotes":""},"class_list":["post-5561","page","type-page","status-publish","hentry"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5561","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/71"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=5561"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5561\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":5563,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/5561\/revisions\/5563"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=5561"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}