{"id":3773,"date":"2020-09-26T15:57:35","date_gmt":"2020-09-26T15:57:35","guid":{"rendered":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/privacidad-servicio-whatsapp\/"},"modified":"2022-03-23T22:25:55","modified_gmt":"2022-03-23T22:25:55","slug":"privacidad-servicio-whatsapp","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/privacidad-servicio-whatsapp\/","title":{"rendered":"Kondisyon pou w kapab itilize WhatsApp ACNUR Meksik"},"content":{"rendered":"\n<p>Tanpri, li Deklarasyon Konfidansyalite ak R\u00e8g epi Kondisyon Jeneral S\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik. Yo tradui dokiman sa epi yo senplifye l pou li ka vini on v\u00e8syon pi aksesib, men li pa gen pwa legal. Dokiman legal la disponib an <a href=\"https:\/\/help.unhcr.org\/ecuador\/en\/privacy-whatsapp-service\/\" data-type=\"URL\" data-id=\"https:\/\/help.unhcr.org\/ecuador\/en\/privacy-whatsapp-service\/\">angl\u00e8 la<\/a>. Tanpri w ap w\u00e8 nan dokiman ki an angl\u00e8 a, k\u00e8k mesaj w ap voye pou k\u00e8k aksyon, tankou \u201cSTOP\u201d ou byen \u201cEFASE\u201d pou w ka sispann resevwa mesaj ou byen pou efase enf\u00f3masyon ou yo ap par\u00e8t an angl\u00e8. Silvoupl\u00e8 itilize mo ki nan dokiman sa yo ki deja tradui ou byen sa yo bay k\u00f2m opsyon nan s\u00e8vis WhatsApp peyi kote w ap kominike a. L\u00e8 se premye fwa w ap kontakte s\u00e8vis WhatsApp sa, y ap mande w pou ou aksepte kondisyon itilizasyon yo. L\u00e8 w konfime ou aksepte yo, ou pral antre nan yon ak\u00f3 legal ak ACNUR epi w ap konfime ke ou konprann e ou aksepte kondisyon yo.<\/p>\n\n\n\n<h2 class=\"has-text-align-center wp-block-heading\">Deklarasyon privasite<\/h2>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">1. Enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l<\/h3>\n\n\n\n<p>L\u00e8 w ap itilize S\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik, ou aksepte pou pataje k\u00e8k enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l ke y ap bezwen pou s\u00e8vis la ka fonksyone e pou yo kapab reponn mesaj ou yo ak kesyon w yo. S\u00e8vis sa li suiv Politik Pwoteksyon Enf\u00f2masyon P\u00e8son\u00e8l Moun ki se Enter\u00e8 ACNUR (ou <a href=\"https:\/\/www.acnur.org\/fileadmin\/Documentos\/Publicaciones\/2016\/10909.pdf\" data-type=\"URL\" data-id=\"https:\/\/www.acnur.org\/fileadmin\/Documentos\/Publicaciones\/2016\/10909.pdf\">ka konsilte yo isit la<\/a>). Ou ka retire konsantman w pou ACNUR sispann itilize enf\u00f2masyon w yo nenp\u00f2t l\u00e8 ou vle san okenn penalite. L\u00e8 ou sispann itilize s\u00e8vis la anplis, ou ka mande tou pou yo efase tout enf\u00f2masyon w yo l\u00e8 w vle. ACNUR ap gade enf\u00f3masyon w\u2019 yo ak anpil sekirite, men li ap pataje yo ak sosyo teknolojik li Praekelt ki sip\u00f2te s\u00e8vis la. K\u00f2m s\u00e8vis sa itilize whatsApp, WhatsApp ap kenbe k\u00e8k enf\u00f3masyon selon r\u00e8g li ak kondisyon jeneral li yo (<a href=\"https:\/\/www.whatsapp.com\/legal?doc=privacy-policy&amp;version=20160825\" data-type=\"URL\" data-id=\"https:\/\/www.whatsapp.com\/legal?doc=privacy-policy&amp;version=20160825\" target=\"_blank\" rel=\"noreferrer noopener\">ou ka konsilte yo la<\/a>) pou tout itilizat\u00e8 e yo pa relasyone a S\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik.<\/p>\n\n\n\n<p>Enf\u00f3masyon yo reyini, estoke ak pataje yo se sa yo:<\/p>\n\n\n\n<figure class=\"wp-block-table\"><table><tbody><tr><td><strong>Enf\u00f2masyon<\/strong><\/td><td><strong><strong>Kijan yo reyini yo<\/strong><\/strong><\/td><td><strong><strong>Ak ki moun yo pataje yo<\/strong><\/strong><\/td><\/tr><tr><td>Nimewo selil\u00e8<\/td><td>Yo ap prann otomatikman nan pwofil itilizat\u00e8 a<\/td><td>WhatsApp, Praekelt, ACNUR<\/td><\/tr><tr><td>Non pwofil la\u00a0<\/td><td>Yo ap prann otomatikman nan pwofil itilizat\u00e8 a<\/td><td>WhatsApp, Praekelt, ACNUR<\/td><\/tr><tr><td>Metaenfo sou koneksyon w\u2019 lan (IMEI, adr\u00e8s MAC, adr\u00e8s IP)<\/td><td>Enf\u00f2masyon sa yo pral reyini otomatikman pa nimewo selil\u00e8 a ak koneksyon telef\u00f2n ke w\u2019ap itilize a. Se enf\u00f3masyon ki ap kapab idantifye telef\u00f2n ak koneksyon w\u2019ap itilize a.<\/td><td>WhatsApp<\/td><\/tr><tr><td>kontni mesaj yo<\/td><td>Enf\u00f2masyon espesifik itilizat\u00e8 yo voye tankou foto, videyo ak mesaj vokal.<\/td><td>ACNUR, Praekelt<\/td><\/tr><\/tbody><\/table><\/figure>\n\n\n\n<p>Y\u2019ap pran enf\u00f2masyon sa yo otomatikman sou diferan konpozan s\u00e8vis la epi ou pa bezwen f\u00e8 anyen ank\u00f2 pou pataje yo. Tanpri gade kondisyon 7 la anba a pou plis enf\u00f2masyon sou konbyen tan done ou yo pral kons\u00e8ve.\u00a0<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">2. Pou kisa ACNUR ap reyini epi itilize enf\u00f2masyon w yo?<\/h3>\n\n\n\n<p>Av\u00e8k konsantman ou, ACNUR pral itilize done p\u00e8son\u00e8l ou s\u00e8lman pou aplike s\u00e8vis WhatsApp li a jan sa detaye anba a:<\/p>\n\n\n\n<figure class=\"wp-block-table\"><table><tbody><tr><td><strong>Ki enf\u00f2masyon?<\/strong><\/td><td><strong>Pou ki sa li bezwen genyen aks\u00e8 ak enf\u00f2masyon sa yo?<\/strong><\/td><\/tr><tr><td>Nimewo selil\u00e8 ak non pwofil la<\/td><td>Pou reponn kesyon w yo dir\u00e8kteman. yo pral pataje done ou yo ak diferan ekip nan ACNUR oswa patn\u00e8 li yo ki bay s\u00e8vis ki enp\u00f2tan l\u00e8 sa neses\u00e8 pou asire ke yo ba w repons ki pi bon an.<\/td><\/tr><tr><td>Kontni mesaj yo:<\/td><td>Pou ka reponn ak enf\u00f2masyon ou byen s\u00e8vis ki pi enp\u00f2tan an epi ak demann ou f\u00e8 atrav\u00e8 s\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik.<\/td><\/tr><\/tbody><\/table><\/figure>\n\n\n\n<p>Sosyo teknolojik ACNUR a, Praekelt, pral gen aks\u00e8 a menm done yo pou asire s\u00e8vis WhatsApp la fonksyone byen atrav\u00e8 platf\u00f2m li a. Yo ap voye mesaj itilizat\u00e8 yo bay ACNUR ak visev\u00e8sa, epi yo pral p\u00e8m\u00e8t yo bay repons otomatik sa depan de kontni mesaj yo resevwa yo.<\/p>\n\n\n\n<p>ACNUR ak Praekelt pral reyini tout done anonim (sa vle di done yo itilize yon fason ke p\u00e8sonn pa ka konekte li ak idantite w) sou itilizasyon s\u00e8vis la, ki pral itilize pou yo ka evalye ak amelyore aplikasyon an.<\/p>\n\n\n\n<p>ACNUR ak sosyo li a pap vann ni yo pap itilize enf\u00f2masyon w\u2019 lan pou anyen ki pa mansyone la, ni yo pap pataje l\u2019 bay l\u00f2t san konsantman w\u2019<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">3. Sekirite enf\u00f2masyon w yo<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR ak sosyo teknolojik li Praekelt pral f\u00e8 tout sa ki posib pou kenbe enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l ou an sekirite ak konfidansy\u00e8l. Y\u2019ap kode yo epi y\u2019ap estoke yo nan nwaj prive ACNUR. Antanke yon \u00f2ganizasyon ent\u00e8nasyonal, UNHCR gen privil\u00e8j ak iminite ki ede pwoteje done ou yo pou gouv\u00e8nman ak l\u00f2t moun ki pa otorize pa gen aks\u00e8 a li.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">4. Konfidansyalite enf\u00f2masyon w yo<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR en r\u00e8g strik sou konfidansyalite ak sekirite enf\u00f2masyon li pran nan men ou, pou asire ke moun ki pa otorize pa ka jwenn aks\u00e8 ak yo selon ak\u00f2 ak r\u00e8gleman andedan ACNUR yo. Se anplwaye ACNUR ki ap travay espesyalman nan S\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik la ki ap kapab w\u00e8 mesaj ou a pou reponn kesyon ou yo oswa asire ke repons otomatik yo fonksyone, ak k\u00e8k manm anplwaye sosyo teknolojik ACNUR a, Praekelt. Tout manm p\u00e8son\u00e8l sa yo pral swiv r\u00e8gleman konfidansyalite ak sekirite enf\u00f2masyon ou yo.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">5. Pataje enf\u00f2masyon ou yo.<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR pap pataje enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l ou yo ak okenn l\u00f2t moun san konsantman w. Pou s\u00e8vis la fonksyone, Y\u2019ap voye enf\u00f2masyon w yo sou WhatsApp l\u00e8 w\u2019ap itilize s\u00e8vis la, men yo pap w\u00e8 sa ki nan mesaj yo. Se anplwaye ACNUR ak patn\u00e8 teknolojik li Praekelt ki opere s\u00e8vis la ki ap kapab w\u00e8 kontni mesaj la. Si ou ta vle pataje enf\u00f2masyon w yo ak sosyo ACNUR yo pou swivi kesyon w la oswa ka w la, yo pral mande w konsantman w anvan.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">6. Pataje enf\u00f2masyon pou anpeche move izaj, rap\u00f2te moun ki dispar\u00e8t, oswa akonpli ak lwa ent\u00e8nasyonal yo.<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR gendwa pataje enf\u00f2masyon w yo ak l\u00f3t moun dey\u00f2 san konsantman w alavans si \u00f2ganizasyon an jije bon ke f\u00e8 sa neses\u00e8 pou anpeche lanm\u00f2 imedyat oswa f\u00e8 on l\u00f2t moun mal, ede jwenn refijye oswa l\u00f2t moun ki deplase yo ke yo te rap\u00f2te ke yo dispar\u00e8t, oswa anpeche vyolasyon dwa ent\u00e8nasyonal yo.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">7. Chwazi pa patisipe nan s\u00e8vis la ou byen efase enf\u00f2masyon w yos<\/h3>\n\n\n\n<p>Ou ka chwazi pou sispann itilize s\u00e8vis la nenp\u00f2t ki l\u00e8 w vle &#8211; san penalite &#8211; epi mande pou yo efase enf\u00f2masyon ou yo nan sist\u00e8m ACNUR an. Pou sispann itilize la, w ap tou senpleman voye on mesaj ki di &#8220;STOP&#8221; nan s\u00e8vis la pou w pa resevwa mesaj ank\u00f2. Pou mande pou yo efase done ou yo, voye yon mesaj ak mo &#8220;EFASE&#8221; nan s\u00e8vis la. Yo pral mande w konfime ke ou pa vle s\u00e8vi ak s\u00e8vis la ank\u00f2 epi enf\u00f2masyon ou yo pral efase nan platf\u00f2m lan, ansanm ak tout mesaj nou echanje yo. Sa ka pran nou jiska 10 jou pou nou trete demann ou an epi pou efase enf\u00f2masyon ou yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Y ap kenbe tout enf\u00f2masyon ou yo pou 365 jou pou pi plis depi d\u00e8nye fwa ou itilize s\u00e8vis la epi apr\u00e8 yo ap efase; sof dosye anonim ke ACNUR ak Praekelt itilize pou yo ka evalye s\u00e8vis la. Si ou ta renmen retounen itilize s\u00e8vis la l\u00e8 ou fin chwazi pou paf \u00e8 li ou byen ou efase tout enf\u00f2masyon w yo, ou kapab retounen kontakte s\u00e8vis la epi w\u2019ap bay on nouvo konsantman tankou jan ou te f\u00e8 li premye fwa a.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">8. Mande enf\u00f2masyon sou done yo.<\/h3>\n\n\n\n<p>Si ou ta renmen konnen ki enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l ou ACNUR rekopile k\u00f2m pati nan s\u00e8vis la, ou ka mande ACNUR pou li pataje yo ak ou nenp\u00f2t kil\u00e8 atrav\u00e8 s\u00e8vis WhatsApp la voye on mesaj ki di \u201cDONE\u201d<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">9. Pataje k\u00f2mant\u00e8, plent ak preokipasyon w\u2019<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR pran anganjman pou li travay ak moun ki ap itilize s\u00e8vis la pou li bay solisyon a nenp\u00f2t ki enkyetid la nan adrese nenp\u00f2t enkyetid ki rive soti nan itilize nan s\u00e8vis la, tankou enkyetid sou enf\u00f2masyon prive done yo. Si ou kw\u00e8 ke UNHCR pa ka rezoud enkyetid ou yo atrav\u00e8 kominikasyon WhatsApp ki ka f\u00e8t atrav\u00e8 pwopozisyon 8 pi wo a, oswa si ou gen nenp\u00f2t l\u00f2t plent, k\u00f2mant\u00e8 oswa enkyetid, ou gen dwa pataje l\u2019 atrav\u00e8 mekanis retwoalimantasyon nou yo. Pou jwenn enf\u00f2masyon sou mekanism sa yo ak kijan pou kontakte UNHCR, tanpri ale sou paj sa <a href=\"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/\" data-type=\"URL\" data-id=\"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/\"><strong>https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/<\/strong><\/a>.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">10. Anonse chanjman<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR ka chanje deklarasyon sou privasite sa nenp\u00f3t nan nenp\u00f2t ki moman. L\u00e8 chanjman sa yo f\u00e8t, yo ap anonse w epi ou dwe aksepte nouvo kondisyon yo pou ou kapab kontinye itilize s\u00e8vis la.<\/p>\n\n\n\n<hr class=\"wp-block-separator\" \/>\n\n\n\n<h2 class=\"has-text-align-center wp-block-heading\">R\u00e8g ak kondisyon jeneral<\/h2>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">1. Itilize s\u00e8vis WhatsApp ACNUR<\/h3>\n\n\n\n<p>Cuando usa el Servicio de WhatsApp de ACNUR M\u00e9xico, acepta los siguientes t\u00e9rminos adem\u00e1s de los t\u00e9rminos de uso L\u00e8 w ap itilize s\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik la, aksepte tout r\u00e8g yo an plis de r\u00e8g itilizasyon whatsApp akty\u00e8l yo (r\u00e8g ki aplike pou tout moun ki ap itilize WhatsApp):<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\"><li>Pa bay fo idantite sou ou oswa relayon w genyen ak nenp\u00f2t itilizat\u00e8.<\/li><li>Pa pataje okenn enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l konfidansy\u00e8l sou ou oswa sou on l\u00f2t, sof si yo mande w li espesifikman.<\/li><li>L\u00e8 operate chat yo mande w enf\u00f2masyon pou yo w\u00e8 ki s\u00e8vis ki disponib pou ou e ou deside pataje enf\u00f2masyon sa, asire w ke enf\u00f2masyon sa egzat.<\/li><li>Pa itilize gwo mo, yon langaj ki diskriminatwa o vye mo ki abizif ak operat\u00e8 chat yo.<\/li><li>Ou pa ka vann enf\u00f2masyon nan s\u00e8vis la a on l\u00f2t moun oswa touche lajan nan men l\u00f2t moun pou yo ka itilize selil\u00e8 w\u2019 la.<\/li><li>Pa itilize aplikasyon an pou ou vyole dwa pwopriyete ent\u00e8lekty\u00e8l l\u00f2t moun oswa l\u00f2t antite.\u00a0<\/li><li>O upa ka itilize s\u00e8vis la si ou genyen pi piti ke 13 zan.<\/li><\/ul>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">2. Refize w\u2019 aks\u00e8 a<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR ka deside nan nenp\u00f2t ki l\u00e8: (a) pa reponn itilizat\u00e8 s\u00e8vis la si yo ap abize oswa yo pa akonpli ak responsablite ki anwo yo, ak \/ oswa (b) pa p\u00e8m\u00e8t aks\u00e8 s\u00e8vis la ak itilizat\u00e8 yo si yo ta mete mete nenp\u00f2t ki l\u00f2t moun an danje.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">3. Limit responsablite ACNUR<\/h3>\n\n\n\n<p>Objektif ACNUR se pou asire ke kontni nan S\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik la egzat ke posib; men enf\u00f2masyon, tankou sou COVID, chanje regily\u00e8man kidonk ka gen yon ti reta nan mete ajou enf\u00f2masyon nan s\u00e8vis la. Anplis de sa, li pa posib pou bay enf\u00f2masyon ki enp\u00f2tan nan yon peyi ki gen rap\u00f2 ak peyi kote y ap bay s\u00e8vis la. ACNUR pa ka garanti ke pa pral gen okenn er\u00e8 nan enf\u00f2masyon yo bay yo, men yo pral f\u00e8 ef\u00f2 pou yo korije nenp\u00f2t er\u00e8 ki rap\u00f2te. Yo bay enf\u00f3masyon nan on moman done kote yo baze sou enf\u00f2masyon ki disponib ak san okenn enplikasyon oswa nenp\u00f2t garanti. SCNUR pa bay non plis okenn garanti sou enf\u00f2masyon ak s\u00e8vis li bay yo atrav\u00e8 s\u00e8vis sa.<\/p>\n\n\n\n<p>L\u00e8 yo bay s\u00e8vis sa a, ACNUR pa andose WhatsApp oswa nenp\u00f2t l\u00f2t aplikasyon pou mesaj. Itilizasyon s\u00e8vis la pa vle di ke itilizat\u00e8 a gen aks\u00e8 a garanti sou nenp\u00f2t enf\u00f2masyon oswa s\u00e8vis espesifik.<\/p>\n\n\n\n<p>S\u00e8vi ak deziyasyon patikilye nan peyi oswa teritwa pa vle di okenn jijman b\u00f3 kote ACNUR kons\u00e8nan estati legal peyi sa yo oswa teritwa, otorite yo ak enstitisyon yo oswa sou limit fwonty\u00e8 yo.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">4. Enf\u00f2masyon ekst\u00e8n ACNUR<\/h3>\n\n\n\n<p>S\u00e8vis la ka endike ki kote pou jwenn enf\u00f2masyon sou patn\u00e8 ACNUR, enstitisyon ak\/oswa \u00f2ganizasyon imanit\u00e8 k ap bay s\u00e8vis oswa ak on l\u00f2t pati; tankou enf\u00f2masyon ke l\u00f2t kote ekst\u00e8n ak antite bay. Anplis de sa, l\u00f2t kote ka bay enf\u00f2masyon sou ACNUR. ACNUR pa ka kontwole enf\u00f2masyon ke ajan ekst\u00e8n yo ap bay yo. ACNUR pa kapab di si enf\u00f2masyon ekst\u00e8n sa yo egzat ak\/oswa vre, epi \u00f2ganizasyon an pa konsidere li responsab de enf\u00f2masyon an oswa rezilta yo l\u00e8 w itilize oswa l\u00e8 w swiv yo. ACNUR pa ofri okenn garanti epi li pa responsab pou okenn p\u00e8t oswa domaj pou si w ap itilize nenp\u00f2t nan s\u00e8vis yo oswa enf\u00f2masyon.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">5. Mezi sekirite<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR pral pran mezi apwopriye pou asire ke enf\u00f2masyon ou yo an sekirite epi pou l\u00f3t ajan yo pa kapab voye oswa itilize yo san p\u00e8misyon ou; men li pa ka garanti sa konpl\u00e8tman, pou t\u00e8t risk sekirite nannan itilizasyon matery\u00e8l dijital yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Itilizasyon WhatsApp vle di tou ke Facebook, ki se m\u00e8t WhatsApp ap pran k\u00e8k enf\u00f2masyon, k\u00e8lkeswa itilizasyon s\u00e8vis WhatsApp ACNUR la. ACNUR pa pral responsab de okenn pwobl\u00e8m oswa l\u00f2t itilizasyon enf\u00f2masyon ou pa l\u00f2t pati, ni l\u00f2t risk paske ou itilize l\u00f3t aplikasyon mobil yo.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">6. Chanjman nan s\u00e8vis WhatsApp ACNUR an<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR pral evalye s\u00e8vis la regily\u00e8man epi l\u2019ap f\u00e8 chanjman pou amelyore li si sa posib. L\u00e8 l itilize s\u00e8vis la, w ap bay ACNUR p\u00e8misyon pou revize konv\u00e8sasyon ak ent\u00e8raksyon ak moun de fason anonim pou w\u00e8 ki chanjman ki neses\u00e8. Si chanjman ki f\u00e8t yo afekte ou, enf\u00f2masyon p\u00e8son\u00e8l ou oswa nenp\u00f2t l\u00f2t bagay ki nan ak\u00f2 sa a, ACNUR pral enf\u00f2me ou sou chanjman sa yo. ACNUR ka bezwen adapte s\u00e8vis la depann de sous ki disponib oswa chanjman ekst\u00e8n san yo pa bezwen avize w an; men yo pral f\u00e8 w konnen sa apr\u00e8.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">7. Enf\u00f2masyon kontak yo<\/h3>\n\n\n\n<p>Si w gen nenp\u00f2t kesyon oswa enkyetid kons\u00e8nan ak\u00f2 itilizat\u00e8 sa a, tanpri voye mesaj &#8220;AK\u00d2&#8221; nan s\u00e8vis la. Pou plis enf\u00f2masyon kontak ak chan\u00e8l pou bay retwoalimantasyon oswa k\u00f2mant\u00e8 sou s\u00e8vis la, vizite paj sa  <a href=\"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/\" data-type=\"URL\" data-id=\"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/\"><strong>https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/<\/strong><\/a>.  <\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">8. Pwopriyete ent\u00e8lekty\u00e8l<\/h3>\n\n\n\n<p>Tout dwa pwopriyete ent\u00e8lekty\u00e8l ACNUR pataje yo ap rete pou ACNUR, sof si yo endike le kontr\u00e8. W\u2019ap kapab w\u00e8, telechaje ak enprime ekstr\u00e8 matery\u00e8l yo ak l\u00f2t enf\u00f2masyon yo bay nan s\u00e8vis la pou itilizasyon p\u00e8son\u00e8l, ki pa kom\u00e8syal s\u00e8lman, san okenn dwa pou vann oswa itilize nan nenp\u00f2t fason pou o f\u00e8 benefis.<\/p>\n\n\n\n<p>Nenp\u00f2t itilizasyon ki pa pou rezon p\u00e8son\u00e8l, ki gen ladann repwodiksyon oswa tradiksyon matery\u00e8l ACNUR, ou dwe mande ACNUR on p\u00e8misyon a lekri.<\/p>\n\n\n\n<p>Anplis de sa, ACNUR rez\u00e8ve dwa li pou ch\u00e8che tout sous ki disponib nan lalwa pou nenp\u00f2t vyolasyon r\u00e8g ak kondisyon sa yo, ki gen ladann nenp\u00f2t vyolasyon dwa ACNUR sou non ak anbl\u00e8m ACNUR ki gen pou w\u00e8 ak enf\u00f2masyon li yo, matery\u00e8l grafik, t\u00e8ks, videyo, odyo, oswa imaj ki disponib. atrav\u00e8 aplikasyon an.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">9. Non ak anbl\u00e8m ACNUR<\/h3>\n\n\n\n<p>Non ak anbl\u00e8m ACNUR se pwopriyete eksklizif ACNUR. Dwa ent\u00e8nasyonal pwoteje yo. Li ent\u00e8di pou ou itilize yo san otorizasyon. Yo pa ka kopye yo oswa repwodui nan okenn fason san on p\u00e8misyon dab\u00f2 a lekri ACNUR.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">10. Notifikasyon chanjman<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR chwazi kontni S\u00e8vis WhatsApp ACNUR M\u00e9xico epi nan nenp\u00f2t ki moman li ka chanje san yo pa avize w. ACNUR ka chanje oswa kanpe nenp\u00f2t ki l\u00e8 nenp\u00f2t pati nan S\u00e8vis WhatsApp ACNUR M\u00e9xico; ak pami l\u00f2t r\u00e8g ak kondisyon sa yo epi disponiblite li.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">11. Privil\u00e8j ak iminite ACNUR<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR gen yon kondisyon espesyal k\u00f2m yon \u00f2ganizasyon Nasyonzini epi pou sa li resevwa pwoteksyon adisyon\u00e8l ki gen rap\u00f2 ak endepandans ak netralite nan aktivite li yo, ki gen ladan li tou S\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik. Okenn nan Kondisyon Itilizasyon sa yo ou byen ki gen rap\u00f2 ak sa, oswa S\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik la, pa dwe konsidere k\u00f2m yon dispans a okenn iminite ACNUR yo.<\/p>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">12. Rezolisyon diskisyon<\/h3>\n\n\n\n<p>Nenp\u00f2t diskisyon ki par\u00e8t anba Ak\u00f2 sa a ki pa ka rezoud nan yon fason amikal ant itilizat\u00e8 yo ak UNHCR, pral rezoud konsa:<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\"><li>Apre notifikasyon sou kominike a nan yon fason ki rezonab nan men youn ak l\u00f2t, yo pral soum\u00e8t diskisyon nan on pwosesis konsilyasyon ke R\u00e8gleman Konsilyasyon Nasyonzini sou Lwa Kom\u00e8s Ent\u00e8nasyonal (\u201cUNICTRAL\u201d) ap dirije ou byen li ap administre pa on pwosesis alekri ant de pati yo kote yo mete yo dak\u00f2. Lang pwosesis la pral an angle sof si moun k\u2019ap diskite yo dak\u00f2 yon l\u00f2t lang.\u00a0<\/li><li>Si nenp\u00f2t nan diskisyon sa yo pa ta rezoud nan 60 jou apati notifikasyon yon akt\u00e8 ak yon l\u00f2t sou k\u00f2mansman pwosesis la, nenp\u00f2t akt\u00e8 pral refere diskisyon an nan yon pwosesis abitraj an ak\u00f2 ak r\u00e8gleman UNICTRAL akty\u00e8l yo. Tribinal abitraj la dwe konpoze de yon s\u00e8l abit epi lang pwosesis la dwe Angl\u00e8 sof si tou de pati yo te dak\u00f2 sou yon l\u00f2t lang. Abitraj sa pral nan vil Jen\u00e8v kote biwo santral ACNUR la ye. Pwosesis la ka f\u00e8t adistans (pa egzanp sou videyo konferans) si sa posib.<\/li><\/ul>\n\n\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">13. Sispann s\u00e8vis la<\/h3>\n\n\n\n<p>ACNUR ka chanje oswa sispann s\u00e8vis WhatsApp sa a nenp\u00f2t ki l\u00e8 san av\u00e8tisman. ACNUR p ap responsab okenn ef\u00e8 negatif oswa l\u00f2t rezilta sou chanjman sa yo oswa ent\u00e8ripsyon s\u00e8vis yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Tanpri, li Deklarasyon Konfidansyalite ak R\u00e8g epi Kondisyon Jeneral S\u00e8vis WhatsApp ACNUR Meksik. Yo tradui dokiman sa epi yo senplifye l pou li ka vini on v\u00e8syon pi aksesib, men li pa gen pwa legal. Dokiman legal la disponib an angl\u00e8 la. Tanpri w ap w\u00e8 nan dokiman ki an angl\u00e8 a, k\u00e8k mesaj w [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","template":"","meta":{"_acf_changed":false,"footnotes":""},"class_list":["post-3773","page","type-page","status-publish","hentry"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/3773","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=3773"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/3773\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":3776,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/3773\/revisions\/3776"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/mexico\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=3773"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}