{"id":2547,"date":"2025-06-17T15:09:55","date_gmt":"2025-06-17T15:09:55","guid":{"rendered":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/?page_id=2547"},"modified":"2025-06-17T15:39:39","modified_gmt":"2025-06-17T15:39:39","slug":"enfomasyon-enpotan-sou-trafik-moun-ak-kontrebann-moun-pou-kanada","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/enfomasyon-enpotan-sou-sekirite\/enfomasyon-enpotan-sou-trafik-moun-ak-kontrebann-moun-pou-kanada\/","title":{"rendered":"Enf\u00f2masyon enp\u00f2tan sou trafik moun ak kontrebann moun pou Kanada"},"content":{"rendered":"\n<p class=\"has-background\" style=\"background-color:#fdf799\"><strong><em>Av\u00e8tisman: <\/em><\/strong>Kontrebandye yo ka ba w fo enf\u00f2masyon sou vwayaj la oswa kondisyon tan yo. L\u00e8 w peye pou yon s\u00e8vis, sa a pa garanti ou ka f\u00e8 s\u00e8vis la konfyans. Pran prekosyon epi konnen risk ki genyen yo. Epitou ou kapab gade nan paj <u><a href=\"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/enfomasyon-enpotan-sou-sekirite\/\">Risk ki genyen l\u00e8 w trav\u00e8se fwonty\u00e8 a san otorizasyon<\/a><\/u> a pou plis enf\u00f2masyon nan fwonty\u00e8 a.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>Kisa trafik moun ye?<\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Trafik moun se eksplwatasyon moun pou pwofi, tankou travay f\u00f2se oswa eksplwatasyon seksy\u00e8l. Sa a f\u00e8t palaf\u00f2s, fwod, oswa menas. Viktim yo soufri gwo ch\u00f2k fizik, sikolojik ak emosyon\u00e8l. Kontr\u00e8man ak kontrebann, moun ki viktim trafik yo anjeneral pa dak\u00f2 ak sa a.&nbsp;Anpil nan viktim yo se fanm ak tifi.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p><strong>! Av\u00e8tisman:&nbsp; Kontrebann moun ka lak\u00f2z trafik moun!<\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Moun ki rantre nan kontrebann yo f\u00e8 fas ak risk pou yo viktim trafik moun, swa pandan oswa apre pwosesis kontrebann nan. Sou wout la, ou ka rankontre moun ki ofri w travay oswa l\u00f2t op\u00f2tinite ki sanble bon. Sepandan, se pa tout moun ki on\u00e8t, epi gen k\u00e8k moun ki ka eseye pwofite sitiyasyon w. Pa egzanp, yo ka pwom\u00e8t ou yon kote pou ou rete, transp\u00f2, oswa manje gratis, pou yo s\u00e8vi ak sa k\u00f2m yon mwayen pou f\u00f2se w f\u00e8 aktivite seksy\u00e8l, travay oswa l\u00f2t s\u00e8vis ou pa dak\u00f2. Epitou yo ka eseye f\u00e8 w mal oswa v\u00f2l\u00e8 dokiman w yo oswa zaf\u00e8 ou yo tou.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>Gen siy ou ka ch\u00e8che pou ou pwoteje t\u00e8t ou ak fanmi w. Pa egzanp, f\u00e8 atansyon si yon moun:&nbsp;<\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Mande pasp\u00f2 w oswa l\u00f2t dokiman idantifikasyon (sof si se otorite piblik yo, tankou nan p\u00f2s kontw\u00f2l imigrasyon yo);&nbsp;<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Mande telef\u00f2n ou, lapt\u00f2p ou oswa l\u00f2t mwayen kominikasyon w yo;&nbsp;\u00e0<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Eseye separe w ak fanmi w oswa l\u00f2t moun w ap vwayaje av\u00e8k yo;&nbsp;<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Ofri w yon dy\u00f2b ki sanble tw\u00f2 b\u00e8l pou l ta laverite;<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>F\u00e8 presyon sou ou pou ou f\u00e8 travay, s\u00e8vis oswa s\u00e8ks (tankou pou ou peye &#8216;d\u00e8t&#8217;);&nbsp;<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Ofri w asistans \u2013 tankou manje \u2013 s\u00e8lman si ou bay &#8216;s\u00e8vis&#8217; pou sa a;<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Pwom\u00e8t pou ede w enskri, demenaje oswa reyenstale w nan yon l\u00f2t peyi pou lajan (sof pou depans transp\u00f2 n\u00f2mal yo);<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Anboche w men li pa peye w, oswa li peye w s\u00e8lman yon pati nan sa li te pwom\u00e8t la;<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Anboche w men li pa ba w bon kondisyon travay oswa li limite lib\u00e8te w pou ou soti. Pa egzanp, li pran dokiman w yo oswa li f\u00e8men w akle nan yon chanm.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p><strong>Men k\u00e8k demach ou ka f<\/strong>\u00e8<strong> pou ou rete an sekirite:&nbsp;<\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Rete vijilan epi swiv pw\u00f2p entwisyon w kons\u00e8nan moun ou pa konnen.&nbsp;<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Toujou mache ak dokiman w Mete kopi yo sou telef\u00f2n ou epi voye yo bay yon moun ou f\u00e8 konfyans.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Konnen byen \u00f2f travay nan Kanada souvan vini ak yon l\u00e8t \u00f2f alekri ak\/oswa yon kontra.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Kenbe kontak ak fanmi w ak l\u00f2t moun ou f\u00e8 konfyans.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Konnen dwa ou yo ak kote ou ka jwenn \u00e8d.&nbsp;<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Ch\u00e8che enf\u00f2masyon serye nan sous ou f\u00e8 konfyans.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p><strong>Si w ap ch\u00e8che yon kote pou ou rete:&nbsp;<\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Si ou se yon moun k ap ch\u00e8che azil, gade nan paj sa a.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Di yon moun ou f\u00e8 konfyans ki kote w ap rete epi kay ki moun w ap rete.&nbsp;<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p><strong>Si ou kw\u00e8 ou se yon viktim trafik moun, oubyen ou sisp\u00e8k yon l\u00f2t moun se viktim trafik moun<\/strong>, <strong>gen resous konfidansy\u00e8l ki pou ede ou: <\/strong><strong><\/strong><\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Si w nan yon danje imedya oswa ou bezwen asistans ijans, rele <strong>911<\/strong> pou ou kontakte lapolis Kanadyen an.<\/li>\n\n\n\n<li>Pou sip\u00f2 konfidansy\u00e8l ki gen rap\u00f2 ak trafik moun, <strong>Liy Dir\u00e8k Kanadyen Kont Trafik Moun <\/strong>nan disponib 24 \u00e8dtan pa jou, 7 jou pa sem\u00e8n, an Angl\u00e8 ak an Frans\u00e8 nan nimewo <strong>1-833-900-1010<\/strong> oswa ou ka itilize fonksyon <strong>Chat<\/strong> la sou sitw\u00e8b yo a: <a href=\"https:\/\/www.canadianhumantraffickinghotline.ca\/what-we-do\/\">Sa Nou F\u00e8 &#8211; Liy Dir\u00e8k Kanadyen Kont Trafik Moun.<\/a><\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Liy Dir\u00e8k Kanadyen Kont Trafik Moun nan swiv yon politik &#8220;pa f\u00e8 mal&#8221;, pou asire asistans yo bay viktim yo pa lak\u00f2z plis domaj san se pa sa yo te vle. Liy dir\u00e8k la ede tout moun ki nan bezwen, san diskriminasyon, epi li respekte lwa sou dwa moun Kanadyen yo pou garanti yo trete tout moun av\u00e8k resp\u00e8 ak jistis.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Av\u00e8tisman: Kontrebandye yo ka ba w fo enf\u00f2masyon sou vwayaj la oswa kondisyon tan yo. L\u00e8 w peye pou yon s\u00e8vis, sa a pa garanti ou ka f\u00e8 s\u00e8vis la konfyans. Pran prekosyon epi konnen risk ki genyen yo. Epitou ou kapab gade nan paj Risk ki genyen l\u00e8 w trav\u00e8se fwonty\u00e8 a san otorizasyon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":24,"featured_media":0,"parent":2549,"menu_order":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","template":"","meta":{"_acf_changed":false,"footnotes":""},"class_list":["post-2547","page","type-page","status-publish","hentry"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/2547","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/24"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=2547"}],"version-history":[{"count":3,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/2547\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":2563,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/2547\/revisions\/2563"}],"up":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/2549"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/help.unhcr.org\/canada\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=2547"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}